Kite ke m pale
(2016)

Nonfiction

eBook

Provider: hoopla

Details

PUBLISHED
[United States] : Top Reads Publishing, LLC, 2016
Made available through hoopla
DESCRIPTION

1 online resource

ISBN/ISSN
9781611532104 MWT13377965, 1611532108 13377965
LANGUAGE
English
NOTES

Jacques Pierre louvri kè l de batan nan Kite kè m pale pou l envite nou viv kouman entimite ak pwoblèm sosyal pran randevou nan menm kalfou. Powèt la fotografye difikilte ak kouran santiman ki travèse lavi medam yo. Epi, li wete chapo li byen ba pou li salye kouraj Martin Luther King Jr, Malcolm X, ak lòt lidè ki pa te pè batay pou yon minorite ki pran nan cho, e yo mete nan kacho souvan poutèt po yo. Pou fini, li envite nou viv de twa powèm nan langaj jagon ak bolit, epi yon katafal lòt ki fè yonn ak pafen lawouze nou jwenn nan bèl lang nou an. Rekèy powèm sa a se yon envitasyon otè a fè nou tout pou nou dekouvri bèlte lang nou an. Nan chak grenn mo, otè a plonje kè nou nan lanmè Karayib la, kote vag yo fè nanm nou tonbe nan yon ale vini jouk kouran lanmou an rale nou pou nou fè yonn ak powèm yo. -Wedsly Turenne GuerrierLang nou ak kilti nou se rezilta kreyativite nou ki pran nanm nan lavi chak kretyen vivan. Se sa potorik otè Jacques Pierre fè nan rekèy sa a. Pierre marinen lang nou ak kilti nou ansanm pou ofri nou yon konsonmen kreyativite ki se temwayaj richès kiltirèl ak lengwistik Ayiti cheri nou an. -Marky Jean-Pierre

Mode of access: World Wide Web

Additional Credits